top of page

Kiyès Nou Ye

 ALINA ENEJI  pran nesans nan objektif pou rezoud pwoblèm kouran

ALINA ENEJI ta pral fonde an Janvye 2021, men anvan sa li te bezwen komanse ak pwosesis pou li te kapab legal sou mache a. n Jin 2021, Konpayi an te fè enstalasyon pou anviwon 175 moun. Pou ane 2024 lan, li ap fè enstalasyon pou anviwon 40.000 moun.

Install Team 2023.jpg.jpeg

Istwa Nou

Ide kreye konpayi a te la depi nan lane 2000; li te komanse ak yon timoun ki te chita anndan yon chanm kay ak plizyè manb nan fanmi li. Yo te ap tann kouran; men malerezman yo pat janm jwenn kouran an e sa te vreman afekte fanmi an paske yo pat kapab fè sa yo te prevwa fe avan yo te al domi.

Ane ap pase, timoun sa vin devni yon adolesan. Souvan li te reflechi ak jou li te ap tann kouran an epi li pat jwenn li epi ki meyè fason pou moun yo jwenn bon jan enèji dirab. Li te fè remak de bon jan solèy sa kap gaspiye a epi li te chwazi eksplore kouman li ka itilize enèji renouvlab pou pemet sitwayen yo jwenn kouran san kase tèt. Li te vin ak ide itlize eneji renouvlab pou plis efikasite ak dirabilite. Se nan lide sa ALINA ENEJI ta pral pran nesans nan objektif pou rezoud pwoblèm kouran.

WhatsApp Image 2024-07-09 at 1.40.04 PM (11).jpeg

Valè de baz

Valè se ansanm kwayans ak prensip santral ki komen pou yon konpayi ak tout anplwaye li yo. Yo defini fason konpayi an kominike avèk kliyan li yo, patnè li yo ak nenpòt lòt moun ki konsène.  Men yon lis valè de baz ke ALINA ENEJI S.A itilize:

WhatsApp Image 2024-07-09 at 1.40.04 PM (3).jpeg

01

Respè

Respekte tout manm anplwaye yo e chak kliyan. Nou konsidere kòlèg travay yo kòm patnè, trete yo ak konsiderasyon, diplomasi ak imilite.

02

Inovasyon

Toujou pouse pi lwen inovasyon, lide, nouvo pwodwi ak nouvo pwosesis.

03

Pwoteje anvirònman

Entegre pwoblèm klima, prezèvasyon divèsite biyolojik ak resous natirèl nan aktivite nou yo.

04

Ekselans

Atire, devlope ak kenbe pi bon talan pou konpayi nou an, motive anplwaye nou yo, ankouraje yo bay pi bon de yo ak demontre efikasite yo, epi vize pou ekselans nan tout sikonstans pou pi byen satisfè kliyan nou yo.

05

Entegrite

Rete fèm e onèt, epi enspire konfyans nan sa nou panse, aji sou sa nou di, epi pran responsablite aksyon nou yo.

06

Dirab

Pwosesis ki pa nan limit resous fizik, natirèl ak sosyal ki disponib, adopte pratik ki ede minimize enpak negatif yon konpayi sou anviwònman an ak sosyete a.

bottom of page